Chants d'Espérance — Kreyòl · Chant nº 102
Anfin mwen livre volonte m si rebè l
Français — à venir : cette version n’est pas encore disponible. Les paroles sont publiées dans la langue où la source les donne ; la transcription viendra progressivement.
Anfen mwen livre volonte m si rebèl;
Mwen vle pou ou, Sovè m, pou menm sèl.
Kounye a mwen vle di nan priyè m:
Senyè, fè volonte ou nan kè m.
Volonte Bondye dous;
Se li menm mwen kontan swiv;
Senyè, volonte ou agreyab;
Fè m pi konprann li chak jou;
Fè m konnen jan pou m swiv ou;
Volonte ou dous, li si emab.
Mwen te fini, bouke viv anba peche
Chemen Satan fènwa, rèd e glise;
Men yon bèl limyè klere wout la
Lè m te jwenn ak Jezi pre lakwa.
O, volonte ou dous; ladan m ap rete;
Ou sèl konnen chemen mwen dwe pase.
Tout dezòd regle, lapè ranpli m;
Kon yon ti zwazo, nanm mwen vin lib.
Nanm mwen kache nan ou, Senyè, pou toutan
Pye mwen pa pou swiv ankò tras Satan.
Ki pisans ki ka egare mwen
Lè m rete nan volonte Bondye?
⏳ Préparer le chant suivant
Cherchez le prochain chant pendant que celui-ci se chante, puis touchez « Préparer ». Quand il est prêt, le bouton « ▶ Chant suivant » du projecteur bascule dessus sans interrompre le culte. Astuce : ouvrez cette page dans une autre fenêtre, sur l’écran de la personne qui projette — la recherche ne s’affiche jamais sur l’écran de l’assemblée, et le chant préparé apparaît aussitôt dans le projecteur.