🎵 Chants d’Espérance🏠 Accueil

Chants d'Espérance — Kreyòl · Chant nº 108

La bib di nou, te gen yon non m

Kreyòl
Couplet 1

Labib di nou te gen yon nonm

Ki viv nan tan lontan,

Li te byen rich, men li santi

Li bezwen plis ke lò.

Refrain

Wi, mezanmi, gen yon bagay

Ki plis pase lò!

Konnen peche ou padone,

Se pi bèl pase lò!

Couplet 2

Nonm nan se te yon moun ti tay.

Yon jou moun yo vin di l

Men Jezi prale vin ofri

Yon bagay plis ke lò.

Couplet 3

(Kè)

Couplet 4

Nonm lan te monte yon pyebwa,

Pou li te kapab wè

Sovè a ki kapab ofri

Yon bagay plis ke lò.

Couplet 5

(Kè)

Couplet 6

Byento Jezi te vin bò la,

Li wè nonm nan anlè.

Epi li rele l, e li di l:

“Fòk mwen al lakay ou”

Couplet 7

(Kè)

Couplet 8

Nonm nan te obeyi touswit;

E li te wè se vre

Ke byenfè Jezi te ba li

Se te plis pase lò.

Couplet 9

(Kè)

🎹 Mélodie au piano — bientôt disponible

⏳ Préparer le chant suivant

Cherchez le prochain chant pendant que celui-ci se chante, puis touchez « Préparer ». Quand il est prêt, le bouton « ▶ Chant suivant » du projecteur bascule dessus sans interrompre le culte. Astuce : ouvrez cette page dans une autre fenêtre, sur l’écran de la personne qui projette — la recherche ne s’affiche jamais sur l’écran de l’assemblée, et le chant préparé apparaît aussitôt dans le projecteur.