🎵 Chants d’Espérance🏠 Accueil

Chants d'Espérance — Kreyòl · Chant nº 111

An nou travay pou lè Senyè avan solèy va kouche

Kreyòl
Couplet 1

An nou travay pou le Senyè a

Avan solèy la kouche

Pou n anonse bòn nouvèl li toupatou,

E lè Jezi va tounen pou

Chèche tout fidèl li yo,

Lè lapèl la fèt nan Syèl la nou va la.

Refrain

Lè lapèl la fèt nan Syèl la (4 fwa)

Nou va la.

Couplet 2

Nou pa gen pou n dekouraje

Malgre chemen difisil,

E tristès pa p fè nou mache tèt anba.

Pandan n ape tann Senyè a

Ki va parèt anlè a,

Lè lapèl la fèt nan syèl la nou va la.

Refrain

Lè lapèl la fèt nan Syèl la (4 fwa)

Nou va la.

Couplet 3

Gen anpil mouton ki pèdi

Ki egare nan peche;

Yo pa konnen si nou

Gen yon bon Bèje.

Annou chèche yo pou Jezi

Fè yo antre nan pak li,

Lè lapèl la fèt nan Syèl la, yo dwe la.

Refrain

Lè lapèl la fèt nan Syèl la (4 fwa)

Nou va la.

🎹 Mélodie au piano — bientôt disponible

⏳ Préparer le chant suivant

Cherchez le prochain chant pendant que celui-ci se chante, puis touchez « Préparer ». Quand il est prêt, le bouton « ▶ Chant suivant » du projecteur bascule dessus sans interrompre le culte. Astuce : ouvrez cette page dans une autre fenêtre, sur l’écran de la personne qui projette — la recherche ne s’affiche jamais sur l’écran de l’assemblée, et le chant préparé apparaît aussitôt dans le projecteur.

Ce chant convient pour :📣 Évangélisation et appel