Chants d'Espérance — Kreyòl · Chant nº 125
Senyè Jezi ki Sovè nou
Français — à venir : cette version n’est pas encore disponible. Les paroles sont publiées dans la langue où la source les donne ; la transcription viendra progressivement.
Senyè Jezi ki Sovè nou,
Nenpòt ki ras nou ye!
Nou rekonèt se ou ki mèt,
Se ou ki modèl nou.
Nan prezans ou, nou rekonèt
Kijan nou gen defo.
Ou renmen nou, men an menm tan
Ou rayi peche nou.
Tout panse yo ki nan tout kè
Pa kache devan ou,
Ou konnen tout, ou wè tout klè,
Pa gen sekrè pou ou.
(kè)
Malgre nou fèb, pa bon ditou,
Ou kite n sèvi ou.
Tout kado nou ofri ba ou,
Ou pa refize yo.
(Kè)
Anyen pa bon, lè ou pa la,
San ou tout travay ven.
Lonbraj kwa ou pi bèl pou nou
Pase limyè solèy.
(Kè)
Ou se zanmi n, Frè nou, Mèt nou ;
Kisa ou vle pou n fè ?
Se pa rit ni fòm espesyal,
Se sèlman pou swiv ou.
(Kè)
Nou pa wè byen, ni tande byen.
Nou pa konn priye byen.
Poutan , nou konnen byen ou se
Laverite, lavi.
⏳ Préparer le chant suivant
Cherchez le prochain chant pendant que celui-ci se chante, puis touchez « Préparer ». Quand il est prêt, le bouton « ▶ Chant suivant » du projecteur bascule dessus sans interrompre le culte. Astuce : ouvrez cette page dans une autre fenêtre, sur l’écran de la personne qui projette — la recherche ne s’affiche jamais sur l’écran de l’assemblée, et le chant préparé apparaît aussitôt dans le projecteur.