Chants d'Espérance — Kreyòl · Chant nº 13
Lè n ap mache ak Dye
Français — à venir : cette version n’est pas encore disponible. Les paroles sont publiées dans la langue où la source les donne ; la transcription viendra progressivement.
Lè N ap Mache Ak Dye, Nan limyè Paròl li,
Ki bèl laglwa li voye sou rout nou!
Lè n ap fè volonte l,Li rete kote nou,
E ak tout moun ki obei-kouè.
Obei-kouè, se tou sa pou nou fè,
Pou nou kontan nan Jezi,
Se pou-n obei-kouè.
Lonbraj ki va parèt, tout nuaj ka nan siè la,
Souri Jezi va fè l disparèt;
Pa yon dout, pa yon pè, Ni soupi , ni yon kri,
Ka rete lè nou obei-kouè.
Nou pap pote yon chaj, Pou lè zòt kap soufri
San Jezi pa beni nou pou sa
Nou pas subi yon pèd, Nou pap pote yon kwa,
San n-pa beni, si-n obei-kouè.
Men nou pa kapab konnen tout mèvèy lanmou li
Avan nou konsakre tout bagay;
Paske biinfè li yo, e la lajwa li ban nou,
Se pou moun ki vle obei-kouè
Kon sa nan prezan li, na chita nan pie li
Ou nou va mache nan rout avè l.
Sa li di, nou va fè, nou pwal kote li vle;
San pè anyen, na obei-kouè.
⏳ Préparer le chant suivant
Cherchez le prochain chant pendant que celui-ci se chante, puis touchez « Préparer ». Quand il est prêt, le bouton « ▶ Chant suivant » du projecteur bascule dessus sans interrompre le culte. Astuce : ouvrez cette page dans une autre fenêtre, sur l’écran de la personne qui projette — la recherche ne s’affiche jamais sur l’écran de l’assemblée, et le chant préparé apparaît aussitôt dans le projecteur.