🎵 Chants d’Espérance🏠 Accueil

Chants d'Espérance — Kreyòl · Chant nº 40

N ap chante Wa a ki gen pou vini

Kreyòl
Couplet 1

N ap chante Wa a ki gen pou vini,

Laglwa a Jezi , Lanyo a ki mouri

Pou ofri tout moun salu ak lavi.

Tout pèp va kontan lè Jezi va wa!

Refrain

Vini chante: Laglwa a Jezi,

Alelouya, laglwa a Jezi!

Nou ki moun pa Jezi, sa se chan nou:

Tout Laglwa a Jezi, se li ki Wa nou.

Couplet 2

Pèp yo va rete nan bèl limyè li,

Moun yo va ansanm ki pa te uni.

Se la verite ki va etabli.

Tout to va kaba, lè Jezi va Wa.

Couplet 3

Tout bagay va bon nan rwayom pa li,

La libète ak sajès va vini.

Tout enmi nou yo va tounin zanmi.

Tout zanm mete ba, lè Jezi va Wa.

Couplet 4

Tout moun va mache nan puizans Lespri.

Dout pa pou trouble nanm moun ki nan li.

Nou pa pè lanfè, fòs lan mò fini,

Lamou tou patou, lè Jezi va Wa.

Couplet 5

N ap la priye pou Rwayom Kris vini.

Bondye, fè l vini vit pou Ou detoui

Tout move bagay, pou nou kapab di:

Rèy Satan kaba, Se Jezi ki Wa.

🎹 Mélodie au piano — bientôt disponible

⏳ Préparer le chant suivant

Cherchez le prochain chant pendant que celui-ci se chante, puis touchez « Préparer ». Quand il est prêt, le bouton « ▶ Chant suivant » du projecteur bascule dessus sans interrompre le culte. Astuce : ouvrez cette page dans une autre fenêtre, sur l’écran de la personne qui projette — la recherche ne s’affiche jamais sur l’écran de l’assemblée, et le chant préparé apparaît aussitôt dans le projecteur.