🎵 Chants d’Espérance🏠 Accueil

Chants d'Espérance — Kreyòl · Chant nº 83

Zanj ap chante an lè

Kreyòl
Couplet 1

Zanj ap chante anlè;

Men bèl zetwal nan syèl;

Gen pitit pou nou wè,

Jezi Emanyèl.

Kite mouton yo la,

Vini wè mèvèy sa a,

Yon krèch nan Bètleyèm

Resevwa Wa tout wa a.

Couplet 2

Menm zetwal nan lajwa

Pou mèvèy ki fèt la;

Paske Pitit vyèj la

Se Senyè tout latè.

Maj, kite peyi ou

Vini wè mèvèy sa a,

Yon krèch nan Bètleyèm

Resevwa Wa tout wa a.

Couplet 3

Ti Pitit ki kouche

Nan limyè zetwal la,

Se Pitit letènèl,

Se pou li tout laglwa.

Nou tout zanj nan Syèl la

Vini wè mèvèy sa a,

Yon krèch nan Bètleyèm

Resevwa Wa tout wa a.

Couplet 4

Tout moun ki nan fènwa,

Yo tout anba malè,

Se pou nou bèl chan sa a,

Bondye ban nou limyè.

Kouri vin jwenn Jezi,

Se li menm ki Sovè;

Pitit sa a nan krèch la

Se Jezi, Redanmtè.

🎹 Mélodie au piano — bientôt disponible

⏳ Préparer le chant suivant

Cherchez le prochain chant pendant que celui-ci se chante, puis touchez « Préparer ». Quand il est prêt, le bouton « ▶ Chant suivant » du projecteur bascule dessus sans interrompre le culte. Astuce : ouvrez cette page dans une autre fenêtre, sur l’écran de la personne qui projette — la recherche ne s’affiche jamais sur l’écran de l’assemblée, et le chant préparé apparaît aussitôt dans le projecteur.

Ce chant convient pour :🎄 Noël