🎵 Chants d’Espérance🏠 Accueil

Chants d'Espérance — Kreyòl · Chant nº 92

Map travay pou Jezi nan vwayaj mwen

Kreyòl
Couplet 1

M ap travay pou Jezi nan vwayaj mwen;

M ap travay jouk nan fen jounen an;

Mwen ka bwonche souvan nan chemen mwen,

Men l a padone mwen si m priye.

Refrain

M ap travay pou Jezi nan vwayaj mwen;

M ap travay nenpòt kòman mwen ye;

Pawòl li se asirans mwen genyen;

Nan travay la m ap toujou rete.

Couplet 2

Gen de lè kè mwen tris pase yo tout

Akòz danje mwen wè nan chemen;

Jezi di: Pa pè, mwen toujou ak ou;

Se mwen ki kapab kenbe w ak mwen.

Couplet 3

Mwen kontan avèk Jezi, Sovè mwen;

L ap konsole pòv kè mwen toujou;

Zanmi mwen, vini tou, kwè nan Jezi,

W a jwenn li fidèl pou sove ou.

🎹 Mélodie au piano — bientôt disponible

⏳ Préparer le chant suivant

Cherchez le prochain chant pendant que celui-ci se chante, puis touchez « Préparer ». Quand il est prêt, le bouton « ▶ Chant suivant » du projecteur bascule dessus sans interrompre le culte. Astuce : ouvrez cette page dans une autre fenêtre, sur l’écran de la personne qui projette — la recherche ne s’affiche jamais sur l’écran de l’assemblée, et le chant préparé apparaît aussitôt dans le projecteur.