🎵 Chants d’Espérance🏠 Accueil

Écho des Élus — Kreyòl · Chant nº 48

Jezi pa lwen

Kreyòl
Couplet 1

Jezi pa lwen pou Li vini

Sa wap tan-n pou ou prepare

èske Jezi pa te di ou

Lap vini tankou yon vòlè

Si ou te konnin lè L-ap vini

Ou ta lonje pie ou jan ou vle

Aprè sa nou ta prepare pou-n tan-n

Jezi O, O, O, O.

Refrain

Puiske nou pa konnin ki lè

Bon Sovè-a pral retounin

An nou jete tout vie peche

An nou lage tout vie plezi-i

An nou priye, an nou veye, Kris pral vini.

Couplet 2

Yon nasion va kont yon nasion

Yon rwayòm va kont yon rwayòm

Men m legliz va kont lòt legliz

Man-man, papa va kont pitit

Lè na wè tout bagay sa yo

Konnin Jezi prèt pou vini

An nou priye, an nou veye,

Kris pral vini, O, O, O, O.

Couplet 3

Yo va di men Li nan mòn nan

Yo va di men l nan vale-a

Yo va di men Li nan lè Nò

Yo va di men Li nan lè Sud

Men m si yo fè zetwal desan-n

Men m si yo fè dife so-t nan syèl

Pa fè a dwat, pa fè a goch

An-n reste fèm, O, O, O, O.

🎹 Mélodie au piano — bientôt disponible

⏳ Préparer le chant suivant

Cherchez le prochain chant pendant que celui-ci se chante, puis touchez « Préparer ». Quand il est prêt, le bouton « ▶ Chant suivant » du projecteur bascule dessus sans interrompre le culte. Astuce : ouvrez cette page dans une autre fenêtre, sur l’écran de la personne qui projette — la recherche ne s’affiche jamais sur l’écran de l’assemblée, et le chant préparé apparaît aussitôt dans le projecteur.

Ce chant convient pour :👑 Retour de Jésus