Haïti Chante avec Radio Lumière — Kreyòl · Chant nº 39
Papa m Ranje l Kon sa
Français — à venir : cette version n’est pas encore disponible. Les paroles sont publiées dans la langue où la source les donne ; la transcription viendra progressivement.
Sa sa fè si rout la move
Men m si gen move pa
Li konnin byin tou sa L-ap fè
Papa l ranje l konsa.
M-a chante nan solèy, nan fè nwa
Ninpòt sa-k rive, m-a kontan.
Fo m chante, mwen pa kapab rete,
Papa m ranje l konsa.
2.
Sikonstans yo kapab chanje,
Sa pa fè mwen anyen,
Dèske se konsa Li chwazi
Plan Papa m bon poi mwen.
3.
Li te deja pase rout sa
L-ap ede m pa-za-pa.
Mwen gen konfians ke santie sa
Ap minnin m nan syèl la.
4.
Sèlman limyè ak rejouisans
Ap tan-n mwen a la fin
Donk mwen pa pè yon ti soufrans
Papa m ranje li byin.
⏳ Préparer le chant suivant
Cherchez le prochain chant pendant que celui-ci se chante, puis touchez « Préparer ». Quand il est prêt, le bouton « ▶ Chant suivant » du projecteur bascule dessus sans interrompre le culte. Astuce : ouvrez cette page dans une autre fenêtre, sur l’écran de la personne qui projette — la recherche ne s’affiche jamais sur l’écran de l’assemblée, et le chant préparé apparaît aussitôt dans le projecteur.