Haïti Chante avec Radio Lumière — Kreyòl · Chant nº 63
Lè Nou wè Kris
Français — à venir : cette version n’est pas encore disponible. Les paroles sont publiées dans la langue où la source les donne ; la transcription viendra progressivement.
Chak jou sanble si lou, eprèv dezole nou
Nou tante mumure, plingnin, dezespere,
Men Jezi va parèt pou ouete'n nan tanpèt,
Dlo nan je nou va seche pou tout letènite.
Sa va vo tout pa pin-n lè nou wè Jezi
Eprèv yo pap anyen lè nou wè Kris.
Lè m gade figu Li, tristès yo va fini,
Ak lajwa nou va kouri, jouk nou wè Kris.
2.
Lè nou manke limyè nou mache nan nwasè
Detrès lavi bat nou, fè nou pa wè sekou.
Jezi, ki bon Bèje konnin nou aflije,
Li va klere chemen nou, wete tristès nou tou.
3.
Lè la mò va vini tout loraj va fini,
Nou va kite la tè pou nou jwen-n tout bonè
N-a rantre ak la lajwa jwen-n Jezi nan la laglwa
Bondye va juje malin
N-a jete tout chagrin.
⏳ Préparer le chant suivant
Cherchez le prochain chant pendant que celui-ci se chante, puis touchez « Préparer ». Quand il est prêt, le bouton « ▶ Chant suivant » du projecteur bascule dessus sans interrompre le culte. Astuce : ouvrez cette page dans une autre fenêtre, sur l’écran de la personne qui projette — la recherche ne s’affiche jamais sur l’écran de l’assemblée, et le chant préparé apparaît aussitôt dans le projecteur.