Haïti Chante avec Radio Lumière — Kreyòl · Chant nº 66
Chèche Pou Prezante Ou Devan Bondye
Français — à venir : cette version n’est pas encore disponible. Les paroles sont publiées dans la langue où la source les donne ; la transcription viendra progressivement.
Andan Paròl Bondye na jwen-n
Yon trezò verite kache,
Men si nou fouye trezò sa
Richès li va manifeste.
Chèche pou prezante ou devan Bondye
Tankou ouvrie ki eprouve nan tout lie,
Ki pa gingnin pou li ront devan Letènèl,
Ap bay mesaj Levanjil fidèl.
2.
Se pou ou li Bib ou chak jou,
Pou profite richès Lespri,
Konsa wa prospere tout bon,
Projè ou yo va reusi.
3.
Bib la montre chemen lavi
E Kris akite peche nou
Men, fòk nou konnin Bib la byin,
Pou eksplike mesaj la tou.
4.
Se moun Bondye te inspire
Ki ekri la Paròl Sakre
E lè jujman dènie rive,
Se nan Liv sa nou va juje.
⏳ Préparer le chant suivant
Cherchez le prochain chant pendant que celui-ci se chante, puis touchez « Préparer ». Quand il est prêt, le bouton « ▶ Chant suivant » du projecteur bascule dessus sans interrompre le culte. Astuce : ouvrez cette page dans une autre fenêtre, sur l’écran de la personne qui projette — la recherche ne s’affiche jamais sur l’écran de l’assemblée, et le chant préparé apparaît aussitôt dans le projecteur.