🎵 Chants d’Espérance🏠 Accueil

Haïti Chante avec Radio Lumière — Kreyòl · Chant nº 72

Gran Jou Jujman

Kreyòl
Couplet 1

Mwen reve mwen tande tronpèt yo

Ki anonse gran jou jujman.

Mwen reve nasion yo asanble

Pou yo juje devan gran ton-n blan.

Yon anj eklatan kite tron-n nan,

Sou la tè ak la mè li kanpe.

Li sèmante ak men dwat sou syèl la

Ke tan va suspan-n egziste.

Refrain

A la moun kap kriye e rele,

Lè koupab yo tande santans la

Yo plede pou montay yo kache yo,

Yo lapriyè, men se te tro ta.

2.

Non m rich te parèt, men lajan li

Depi lontan te disparèt.

San anyen dutou nan jujman li

Pou akite yon si gran dèt.

Gnan nèg te la, men inpòtans li

Pa konte lè la mò mele,

Lè anj egzamine achiv la

Grandè nèg la pa mansione.

3.

Vèv la te avèk oflin yo

Bondye tande lè yo kriye.

Nan pwen tristès janmen nan syèl la

Tout dlo nan je yo fi-n suye.

Tafiatè te la ak banbochè,

Insi ke moun ki van-n tafia

Wangatè, volè ak adultè a

Tout ansan m desan-n nan lanfè.

4.

Mesie moral rive nan jujman

Men bon zèv moral li pat sufi,

Sa yo ki te krusifie Jezi

Pase pou moun moral osi

E moun nan ki pa te ko pare

«Pi ta ma gen tan sove, oui!

Se pa ko lè pou la relijion»

Anfin trouve tan pou mouri.

🎹 Mélodie au piano — bientôt disponible

⏳ Préparer le chant suivant

Cherchez le prochain chant pendant que celui-ci se chante, puis touchez « Préparer ». Quand il est prêt, le bouton « ▶ Chant suivant » du projecteur bascule dessus sans interrompre le culte. Astuce : ouvrez cette page dans une autre fenêtre, sur l’écran de la personne qui projette — la recherche ne s’affiche jamais sur l’écran de l’assemblée, et le chant préparé apparaît aussitôt dans le projecteur.

Ce chant convient pour :👑 Retour de Jésus