🎵 Chants d’Espérance🏠 Accueil

La Voix du Réveil — Kreyòl · Chant nº 17

Kote men dèv yo

Kreyòl
Couplet 1

Kote konbit yo ki pou rekòlte

Gran mwason pou nanm

Nan jaden peche?

Fòk nou byen pare ak laverite

Ranmase rekòt pou letènite.

Refrain

Chèche travayè pou rekòlte,

Gran mwason nanm ki

Nan jaden peche?

Kilè ka ede m

Nan travay Bondye,

Egzante nanm yo nan jijman dife?

Couplet 2

Travay la pral rèd, l ap fè cho anpil,

N a keyi nanm moun malgre gwo raje,

Pa kite yon sèl,

Paske tout pou Kris

Tout efò nou fè sonje Kris fè plis.

Couplet 3

Mwason an pare fòk nou rekòlte

Travay la anpil, manke ouvriye.

Yon jou n a regrèt si nou fè reta,

Vini bay konkou ou

Nan gran travay sa.

Couplet 4

Annou mete tout men

Senyè a vle sa,

Nou pa fin konnen

Valè yon sèl nanm,

Yon jou mèt rekòt la va retounen,

Li vle nou rejwi ak Li pou toutan.

🎹 Mélodie au piano — bientôt disponible

⏳ Préparer le chant suivant

Cherchez le prochain chant pendant que celui-ci se chante, puis touchez « Préparer ». Quand il est prêt, le bouton « ▶ Chant suivant » du projecteur bascule dessus sans interrompre le culte. Astuce : ouvrez cette page dans une autre fenêtre, sur l’écran de la personne qui projette — la recherche ne s’affiche jamais sur l’écran de l’assemblée, et le chant préparé apparaît aussitôt dans le projecteur.

Ce chant convient pour :📣 Évangélisation et appel