🎵 Chants d’Espérance🏠 Accueil

L'Ombre du Réveil — Kreyòl · Chant nº 111

Papa mwen chita devan w maten an

Kreyòl
Couplet 1

Papa mwen chita devan w maten an

Men ti Bib mwen louvri devan m

M ap mande w tanpri louvri Lespri mwen

Pou m ka konprann pawòl ki ladan l

Pou m ka sonje se ou ki papa mwen

Pou m toujou fè tout sa ou di mwen

Mwen bezwen fòs Lesprisen ou anpil

Pou m rete toujou nan bon chemen.

Refrain

Lave m ak dlo vivan

Nouri m ak pawòl vivan

Pou m sèvi Bondye vivan

Toutotan mwen rete vivan.

Couplet 2

Mesi Bondye ou ban mwen pawòl sa a

Lè m dekouraje li ban mwen fòs

Lè m grangou, Lè mwen swat mwen sipòte

Pawòl sa gen pwoteyin ladan l

Tanpri pa kite m pase yon maten

Pou m pa pran randevou ak Bib mwen

San m pa jwenn medikaman mwen bezwen

Pou pase jounen an ak Bondye.

🎹 Mélodie au piano — bientôt disponible

⏳ Préparer le chant suivant

Cherchez le prochain chant pendant que celui-ci se chante, puis touchez « Préparer ». Quand il est prêt, le bouton « ▶ Chant suivant » du projecteur bascule dessus sans interrompre le culte. Astuce : ouvrez cette page dans une autre fenêtre, sur l’écran de la personne qui projette — la recherche ne s’affiche jamais sur l’écran de l’assemblée, et le chant préparé apparaît aussitôt dans le projecteur.

Ce chant convient pour :🙏 Prière