Mélodies Joyeuses — Kreyòl · Chant nº 32
Yon Vi Pou Jezi Bay La Pè
Français — à venir : cette version n’est pas encore disponible. Les paroles sont publiées dans la langue où la source les donne ; la transcription viendra progressivement.
Yon vi pou Jezi bay lapè
Kou yon rivyè ki pa rete;
Difikilte yo konn vini
Men Jezi la, e sa sifi.
Ede m sèvi Ou plis chak jou,
Pou m rete toujou avèk Ou;
M renmen Ou, Kris, pi plis chak jou;
Pa kite mwen ale lwen ou.
Yon vi pou Jezi bay repo,
Li wete nan mwen sa ki fo;
Pawòl Li se laverite;
L a gide m pou letènite.
Yon vi pou Jezi bay lajwa
Paske mwen sove pa lafwa;
Zanmi yo mèt abandone m,
Jezi fidèl, Li va kenbe m.
Yon vi pou Jezi bay viktwa,
Avèk Li m mache pazapa;
Kris te venk diab, lemonn, lachè;
Kounye a mwen pa bezwen pè.
⏳ Préparer le chant suivant
Cherchez le prochain chant pendant que celui-ci se chante, puis touchez « Préparer ». Quand il est prêt, le bouton « ▶ Chant suivant » du projecteur bascule dessus sans interrompre le culte. Astuce : ouvrez cette page dans une autre fenêtre, sur l’écran de la personne qui projette — la recherche ne s’affiche jamais sur l’écran de l’assemblée, et le chant préparé apparaît aussitôt dans le projecteur.