🎵 Chants d’Espérance🏠 Accueil

Mélodies Joyeuses — Kreyòl · Chant nº 35

Pawol Bondie Ban Nou Limyè

Kreyòl
Couplet 1

Pawòl Bondye ban nou limyè

Pou klere tout chemen nou;

Lè m aksepte li kòm Senyè

Limyè a klere tout kè m.

Refrain

M ap sere pawòl Ou nan kè m

Pou mwen pa fè peche kont Ou,

Pou mwen pa peche (2 fwa)

M ap sere Pawòl Ou nan kè m.

Couplet 2

Pawòl Ou, Senyè, se sèten,

Li pa gen dwa janm fayi;

Fidelite Ou toujou menm,

Se sous ki vrèman jayi.

Couplet 3

Chak maten, midi ak aswè

M ap di: Mèsi, chè Senyè;

Paske Ou se yon bon Sovè,

Nan sèvis Ou m ap sensè.

Couplet 4

Pawòl Ou ban nou asirans

Jezikri va retounen.

E nou va chanje aparans;

Avèk Jezi n a rete.

🎹 Mélodie au piano — bientôt disponible

⏳ Préparer le chant suivant

Cherchez le prochain chant pendant que celui-ci se chante, puis touchez « Préparer ». Quand il est prêt, le bouton « ▶ Chant suivant » du projecteur bascule dessus sans interrompre le culte. Astuce : ouvrez cette page dans une autre fenêtre, sur l’écran de la personne qui projette — la recherche ne s’affiche jamais sur l’écran de l’assemblée, et le chant préparé apparaît aussitôt dans le projecteur.