Mélodies Joyeuses — Kreyòl · Chant nº 41
Sou Yon Mon Bandonne
Français — à venir : cette version n’est pas encore disponible. Les paroles sont publiées dans la langue où la source les donne ; la transcription viendra progressivement.
Se sou yon mòn Gòlgota,
Yo te plante yon kwa,
Kote brigan te gen pou mouri.
Men se sou menm kwa sa a,
Kris te mouri pou mwen,
Pou m kapab pataje tout glwa Li.
Yo te klouwe Jezi sou lakwa;
E se la Li te mouri pou mwen.
M ape viv pou glwa Li sou tè sa a,
E yon jou m ava wè Li nan syèl.
Pou tou sa k te rive,
Sou lakwa nan jou sa a,
Mwen va toujou gen rekonnesans;
Paske sa Jezi fè,
Li te fè l nan plas mwen,
Pou ban mwen lavi an abondans.
Kon yo touye Jezi,
Ki te Pitit Bondye,
Yo pa vle wè kretyen yo nonplis.
Men mwen pito swiv Li,
Nan tout sa k a rive,
Pase tout sa m ta jwenn sou tè sa a.
⏳ Préparer le chant suivant
Cherchez le prochain chant pendant que celui-ci se chante, puis touchez « Préparer ». Quand il est prêt, le bouton « ▶ Chant suivant » du projecteur bascule dessus sans interrompre le culte. Astuce : ouvrez cette page dans une autre fenêtre, sur l’écran de la personne qui projette — la recherche ne s’affiche jamais sur l’écran de l’assemblée, et le chant préparé apparaît aussitôt dans le projecteur.