🎵 Chants d’Espérance🏠 Accueil

Mélodies Joyeuses — Kreyòl · Chant nº 83

Pi Fon, Pi Fon Mwen Prale

Kreyòl
Couplet 1

Pi fon, pi fon mwen prale

Nan lanmou Jezi Sovè m,

M ap chèche konnen pouki

Li te tèlman renmen m,

Pouki Li lonje men Li

Wete m nan gran peche,

Li te sove m, Li te geri m

Malgre m te byen egare.

Couplet 2

Pi fon, pi fon mwen prale

Nan gwo soufrans Jezikri,

Ma p swiv Li nan jaden an

Kote l te swe san Li,

Li te pran fado doulè,

Peche lemonn antye,

O chè Senyè, tanpri ede m!

Pa kite m dekouraje!

Couplet 3

Pi fon, pi fon mwen prale

Nan volonte Jezikri,

M ap priye l, e m ap swiv Li

M ap fè Senyè m plezi.

Mwen vle bese devan Li,

Pwostène nan pye Li,

Kris, fè sa w vle,

Pran tout kè mwen,

Fè m yon bon veso, tanpri!

🎹 Mélodie au piano — bientôt disponible

⏳ Préparer le chant suivant

Cherchez le prochain chant pendant que celui-ci se chante, puis touchez « Préparer ». Quand il est prêt, le bouton « ▶ Chant suivant » du projecteur bascule dessus sans interrompre le culte. Astuce : ouvrez cette page dans une autre fenêtre, sur l’écran de la personne qui projette — la recherche ne s’affiche jamais sur l’écran de l’assemblée, et le chant préparé apparaît aussitôt dans le projecteur.

Ce chant convient pour :🙌 Consécration