🎵 Chants d’Espérance🏠 Accueil

Réveillons-Nous — Kreyòl · Chant nº 1

Kom Bib La Menm Te Di

Kreyòl
Couplet 1

Kòm Bib la menm te di

N ap viv nan dènye tan an;

Antekris yo deja, toupatou nan lemonn

Ou menm ki te avèti, kenbe Bib ou fò

Le a deja rive, Sovè a pral parèt.

Refrain

Ou menm pechè, vini jwenn Jezi

Fè you retou nan Jezikri;

Li si fidèl, l a sove ou.

Couplet 2

Matye 24 pale: lagè gen pou rive

Avek tout katastwòf ki va rive toupatou.

Vrèman se sa nou wè, sou late pa gen pè

Se lagè ak soufrans, traka ak lanmò.

Couplet 3

Patou sou latè sa a pa gen senserite

Se manti ak kout lang; krim, adiltè, lanmò

Bib la te di tou sa; e y ape fèt chak jou

Bondye wete lapè ki nan lemonn.

Couplet 4

Gen anpil jèn gason avek anpil jèn fi

Y ap pwofite tan an, Y ap rejwi nan peche

Si yo te gen bon sans, yo ta vin jwenn Jezi

Pa gen anyen k serye nan vi sou tè sa a.

Sa Sa Fe Si Rout La Move

🎹 Mélodie au piano — bientôt disponible

⏳ Préparer le chant suivant

Cherchez le prochain chant pendant que celui-ci se chante, puis touchez « Préparer ». Quand il est prêt, le bouton « ▶ Chant suivant » du projecteur bascule dessus sans interrompre le culte. Astuce : ouvrez cette page dans une autre fenêtre, sur l’écran de la personne qui projette — la recherche ne s’affiche jamais sur l’écran de l’assemblée, et le chant préparé apparaît aussitôt dans le projecteur.

Ce chant convient pour :👑 Retour de Jésus