🎵 Chants d’Espérance🏠 Accueil

Réveillons-Nous — Kreyòl · Chant nº 14

Sòlda Jezikri Debou, Lè-a rive

Kreyòl
Couplet 1

Sòlda Jezikri debou, lè a rive

Sovè nou prale parèt, an nou leve

Pitit Bondye ap lite nan tout peyi

Pou nou ranvèse wayòm movèzespri.

Refrain

N ap reziste (2 fwa)

Lannwit, lajounen toutan n ap reziste;

N ap reziste (2 fwa)

N ap konbat wayòm Satan n ap reziste.

Couplet 2

Kont tout tantasyon Satan, n ap reziste.

Kont tout atirans lajan, n ap reziste

Kont lemonn avèk plezi, n ap reziste

Kont tout movèzespri, n ap reziste.

Couplet 3

Kont tout kalite peche, n ap reziste

Kont tout move karaktè, n ap reziste

Kont lògèy avèk gwo san, n ap reziste

Kont tripotaj, medizans, n ap reziste

Couplet 4

Kont Satan, kont maladi, n ap reziste

Malgre tout sa n ap soufri, n ap reziste

Nan lavi kòm nan lanmò, n ap reziste

Andedan kòm andeyò, n ap reziste.

Couplet 5

Malgre nou nan tout mizè, n ap reziste

Malgre nou soufri grangou, n ap reziste

Malgre kò nou touni, n ap reziste

Malgre soufrans sou tè sa a, n ap reziste.

Couplet 6

Zanmi nou mèt kite nou, n ap reziste

Menm si fanmi kite nou, n ap reziste

Yo te mèt kritike nou, n ap reziste

Menm Jezi te konn soufri, n ap reziste.

🎹 Mélodie au piano — bientôt disponible

⏳ Préparer le chant suivant

Cherchez le prochain chant pendant que celui-ci se chante, puis touchez « Préparer ». Quand il est prêt, le bouton « ▶ Chant suivant » du projecteur bascule dessus sans interrompre le culte. Astuce : ouvrez cette page dans une autre fenêtre, sur l’écran de la personne qui projette — la recherche ne s’affiche jamais sur l’écran de l’assemblée, et le chant préparé apparaît aussitôt dans le projecteur.