🎵 Chants d’Espérance🏠 Accueil

Réveillons-Nous — Kreyòl · Chant nº 22

Ala Yon Mèveye Mèveye Jou

Kreyòl
Couplet 1

Ala yon mèvèye, mèvèye jou

Jou m pa ka janme bliye,

Lè m te nan tenèb, pèdi nan labou,

Jezi Sovè m mwen kontre;

Ala yon zanmi ki gen charite,

Li satisfè m ak gras Li,

Li pran tristès mwen, Li plen m ak lajwa

E Li fè tout tenèb mwen pati.

Refrain

Syèl la desann, plen nanm mwen ak lajwa,

Lè Sovè mwen te sove m sou lakwa.

Tout peche m padone,

Tenèb mwen tounen limyè.

Syèl la desann, plen nanm mwen ak lajwa.

Couplet 2

Fèt yon lòt fwa ak pisans Lespri Sen,

Li fè m yon pitit Bondye,

Lanmou Kalvè jistifye m, se sèten,

Li ban m yon ran bò kote l;

Travay sa a fèt nan yon ti moman

Lè m repanti nan peche m,

Lè m aksepte Li e lè m konfese Li,

O beni non Li, Li sove m.

Couplet 3

Alèkile, esperans mwen genyen

La dire tout lavi sa a

L a fini yon jou, men m tout asire

M ap jwenn yon plas nan syèl la.

Tou sa rive m paske yon bèl jou

Mwen te kwè nan Jezikri,

Byenfè yo si bèl ak lavi etènèl

Mwen resevwa tout nan men Li.

🎹 Mélodie au piano — bientôt disponible

⏳ Préparer le chant suivant

Cherchez le prochain chant pendant que celui-ci se chante, puis touchez « Préparer ». Quand il est prêt, le bouton « ▶ Chant suivant » du projecteur bascule dessus sans interrompre le culte. Astuce : ouvrez cette page dans une autre fenêtre, sur l’écran de la personne qui projette — la recherche ne s’affiche jamais sur l’écran de l’assemblée, et le chant préparé apparaît aussitôt dans le projecteur.